Ale nan kontni / Skip to content
HAÏTI / FLORIDA / DIASPORA
Publicité & contact YouTube
TELE PAMTELE PAMFlorida 18.10
Live TV
LE FIL

Matisan : fòs lòd yo mennen gwo operasyon, men gang yo toujou kenbe kontwòl wout nasyonal #2 a

{"remix_data":[],"remix_entry_point":"challenges","source_tags":["local"],"origin":"unknown","total_draw_time":0,"total_draw_actions":0,"layers_used":0,"brushes_used":0,"photos_added":0,"total_editor_actions":{},"tools_used":{"square_fit":1},"is_sticker":false,"edited_since_last_sticker_save":true,"containsFTESticker":false}

Fòs lòd yo mennen yon gwo operasyon madi 10 novanm 2026 la nan zòn Matisan, yon katye ki anba kontwòl gang ame depi jen 2021. Pandan operasyon sa a, plizyè dwón tonbe, anpil kachèt gang detui, pandan sikilasyon an te paralize nèt sou wout nasyonal #2 a.

Operasyon sa a reprezante yon nouvo avansman fòs lòd yo nan yon zòn gang yo te pran kontwòl depi plis pase senk lane. Selon enfòmasyon ki disponib yo, entèvansyon an te pèmèt lapolis ak lòt fòs angaje yo pwogrese rive nan Matisan 2A.

Sepandan, se pa premye fwa fòs lòd yo rive fè yon avansman konsa nan zòn nan. Nan plizyè lòt okazyon, yo te rive antre byen fon nan espas gang yo, men yo pa t rive konsolide pozisyon yo ni garanti yon prezans pèmanan. Sa fè chak nouvo operasyon sanble ak yon rekòmansman, kote fòs sekirite yo oblije reprann menm espas yo ankò.

Mèkredi 11 novanm nan, sikilasyon an te reprann sou wout nasyonal nimewo 1 an. Men, malgre gwo operasyon ki te dewoule lavèy la, diferan pòs peyaj ilegal gang yo mete sou wout la toujou an plas.

Sitiyasyon sa a soulve anpil kesyon lakay sitwayen yo sou kapasite Leta pou l kenbe espas li reprann yo. Pou plizyè moun, toutotan otorite yo pa rive enstale yon prezans sekirite ki dirab nan zòn nan, operasyon sa yo riske rete yon senp jwèt lave men siye atè.

Pandanstan, popilasyon an kontinye sibi konsekans ensekirite a, sitou sou wout nasyonal #2 a, kote chofè, pasaje ak lòt itilizatè wout la ekspoze ak risk anba kontwòl gwoup ame yo.

Pi gwo defi a, selon enkyetid plizyè sitwayen, se pa sèlman rive antre nan Matisan, men se rete la, garanti sekirite moun yo epi mete fen nan sistèm kontwòl ak peyaj ilegal gang yo ap enpoze sou wout la.

Paske reprann yon teritwa pandan kèk èdtan pa vle di Leta reprann kontwòl li.

TELE PAM · NEWSROOM Back to headline