Ale nan kontni / Skip to content
HAÏTI / FLORIDA / DIASPORA
Publicité & contact YouTube
TELE PAMTELE PAMFlorida 18.10
Live TV
LE FIL

Tribinal kondane Morvan pou difamasyon, Windy Phele pare pou mete dènye pwen an nan dosye a

{"remix_data":[],"remix_entry_point":"challenges","source_tags":["local"],"origin":"unknown","total_draw_time":0,"total_draw_actions":0,"layers_used":0,"brushes_used":0,"photos_added":0,"total_editor_actions":{},"tools_used":{"square_fit":1},"is_sticker":false,"edited_since_last_sticker_save":true,"containsFTESticker":false}
Dosye jidisyè ki opoze Windy Phele ak John Colem Morvan, PDG Bat Bravo Pou Lajenès (BBJ), sanble sou wout pou l jwenn yon bout. Nan yon deklarasyon li fè piblik, Windy Phele anonse entansyon li pou l abandone yon lòt pwosedi jidisyè li te lanse kont Morvan pou « outrage au tribunal », yon fason pou mete fen definitivman nan konfli a ki te kòmanse depi 8 septanm 2023.
Dapre deklarasyon Windy Phele, desizyon sa a vini apre li fin konstate John Colem Morvan te pibliye, nan aswè 5 novanm 2026, vè 10è, kèk ekstrè nan jijman Tribinal siperyè Jolyèt la te rann nan dat 26 jen 2026. Li fè konnen piblikasyon sa a te disparèt sou kont Morvan anvan li te remonte nan maten.
Nan jijman an, Onorab Sylvain Lussier, jij nan Chanm sivil Tribinal siperyè a, te rekonèt John Colem Morvan te pibliye pawòl difamatwa kont Windy Phele. Tribinal la te souliye Morvan pa t fè okenn efò pou verifye akizasyon li yo, malgre gravite konsekans yo te kapab genyen sou repitasyon viktim nan. Jij la te estime tou konfli a te depase kad yon senp deba opinyon pou l te rive nan difamasyon ak apèl a vyolans.
Nan dispozitif desizyon an, tribinal la te kondane John Colem Morvan ak Bravo à la Jeunesse Inc. pou peye Windy Phele divès dedomajman. Morvan dwe peye 30 000 dola, ansanm ak enterè ak endemnite adisyonèl, kote 15 000 dola ladan l an solidarite avèk òganizasyon an. Bravo à la Jeunesse Inc. dwe peye tou 15 000 dola an solidarite avèk Morvan. Anplis, tribinal la te fikse 15 000 dola kòm domaj enterè pinitif sou kont Morvan ak 1 000 dola sou kont medya a.
Vèdik Tribinal la
Jijman an te bay lòd tou pou defandè yo sispann pibliye oswa fè sikile nenpòt deklarasyon difamatwa sou Windy Phele, sitou sou kesyon kriminalite ak koripsyon. Li te mande Morvan retire piblikasyon konsène yo sou kont Facebook li ak sou kont YouTube « BAT BRAVO POU LA JENES OFFICIAL », epi li te egzije piblikasyon kèk ekstrè nan jijman an, ansanm ak yon tradiksyon sètifye an kreyòl ayisyen.
Vèdik Tribinal la
Se nan kontèks sa a Windy Phele di li vle evite yon lòt pwosedi jidisyè. Li anonse 19 novanm 2026, dat kote John Colem Morvan ak BBJ ta dwe prezante pou anrejistre yon pledwaye nan kad dosye « outrage au tribunal » la, li gen entansyon retire demand sa a ofisyèlman, si tout bagay pase jan sa prevwa.
« Mwen regrèt anpil ke konfli a te rive nan nivo sa a. Se pa t sa m ta swete ant de jèn k ap batay pou yon lòt Ayiti », li fè konnen, pandan l ap rekonèt gravite ak kantite akizasyon ki te vize l yo te oblije l pran mezi jidisyè sa yo.
Malgre desizyon li pran an, Windy Phele ankouraje John Colem Morvan kontinye pale, denonse ak kritike, men li mande l fè sa avèk plis prekosyon. Li estime diferans opinyon pa dwe tounen yon espas pou difamasyon ak menas.
Dapre Windy Phele, konfli jidisyè a te kòmanse ofisyèlman 8 septanm 2023 e li ta dwe fini 19 novanm 2026, si retrè demand pou « outrage au tribunal » la fèt jan li anonse a.
Pou fini, li fè konnen li pa gen lòt kòmantè pou l fè sou dosye a, paske rès bagay yo pral regle an prive. Li prezante deklarasyon sa a kòm dènye piblikasyon li sou konfli a.
TELE PAM · NEWSROOM Back to headline