David Howell fè presyon sou Alix Didier Fils-Aimé pou sispann operasyon salvadoryen yo

Chèf misyon diplomatik Etazini an an Ayiti, David Howell, ta mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé mete yon poz tanporè sou operasyon militè El Salvador ap mennen nan peyi a, nan kad efò pou konbat gang ame yo.
Dapre enfòmasyon jounal ameriken Axios rapòte, nan yon mesaj Howell te voye bay chèf gouvènman ayisyen an nan dat 4 novanm, li te mande pou Ministè Defans El Salvador la resevwa enstriksyon pou kanpe operasyon yo pi vit posib, jiskaske gen yon bon kowòdinasyon ak Fòs Represyon Gang yo (FRG).
Diplomat ameriken an ta avèti operasyon sa yo kapab mete lavi sòlda FRG yo ak popilasyon sivil la an danje.
Washington ak San Salvador gen dezakò sou fason operasyon yo ap dewoule, sitou sou kesyon kowòdinasyon ak bilan sòlda ki ta viktim yo. El Salvador, bò kote pa li, rejte akizasyon diplomat ameriken an.
Li enpòtan pou soulinye, Prezidan Salvador a, Nayib Bukele te deja jwenn kat blanch nan men Prezidan Ameriken an, Donald Trump ki te di l ” Fè sa l gen pou l fè”.
Sous : Axios.

![{"remix_data":[],"remix_entry_point":"challenges","source_tags":["local"],"origin":"unknown","total_draw_time":0,"total_draw_actions":0,"layers_used":0,"brushes_used":0,"photos_added":0,"total_editor_actions":{},"tools_used":{"square_fit":1},"is_sticker":false,"edited_since_last_sticker_save":true,"containsFTESticker":false}](https://watch.telepam.tv/wp-content/uploads/2026/11/Picsart_26-11-09_22-52-34-818-1024x676.jpg)
![{"remix_data":[],"remix_entry_point":"challenges","source_tags":["local"],"origin":"unknown","total_draw_time":0,"total_draw_actions":0,"layers_used":0,"brushes_used":0,"photos_added":0,"total_editor_actions":{},"tools_used":{"square_fit":1},"is_sticker":false,"edited_since_last_sticker_save":true,"containsFTESticker":false}](https://watch.telepam.tv/wp-content/uploads/2026/11/Picsart_26-11-09_21-53-28-750-1024x676.jpg)
![{"remix_data":[],"remix_entry_point":"challenges","source_tags":["local"],"origin":"unknown","total_draw_time":0,"total_draw_actions":0,"layers_used":0,"brushes_used":0,"photos_added":0,"total_editor_actions":{},"tools_used":{"square_fit":1},"is_sticker":false,"edited_since_last_sticker_save":true,"containsFTESticker":false}](https://watch.telepam.tv/wp-content/uploads/2026/11/Picsart_26-11-09_18-02-03-151-1024x676.jpg)