GAWA pran pozisyon an favè Roselande Belony epi denonse tantativ entimidasyon sou lavi prive l
![{"remix_data":[],"remix_entry_point":"challenges","source_tags":["local"],"origin":"unknown","total_draw_time":0,"total_draw_actions":0,"layers_used":0,"brushes_used":0,"photos_added":0,"total_editor_actions":{},"tools_used":{"square_fit":1},"is_sticker":false,"edited_since_last_sticker_save":true,"containsFTESticker":false}](https://watch.telepam.tv/wp-content/uploads/2026/11/Picsart_26-11-09_22-52-34-818.jpg)
Òganizasyon GAWA (Zafè Fanm ak Tifi) eksprime solidarite li ak Roselande Belony, nan yon lèt ouvè li pibliye lendi 9 novanm 2026 la, kote li denonse jijman, imilyasyon ak tantativ entimidasyon fanm nan ap sibi akoz yon vyolasyon lavi prive li.
Nan lèt sa a, ki pote tit « De femme à femme, au-delà des jugements » (Fanm ak fanm, pi lwen pase jijman), GAWA raple Roselande Belony pa responsab zak vyolans lòt moun ta chwazi fè sou li. Òganizasyon an deplore tandans ki genyen nan sosyete a pou mete viktim yo anba akizasyon, olye yo kondane moun ki ekspoze yo, imilye yo epi entimide yo.
Pozisyon sa a vini nan yon moman kote Roselande Belony ap anvizaje patisipe nan pwochen eleksyon lejislatif yo. Dapre GAWA, gen moun ki ta vle sèvi ak yon epizòd nan lavi prive l pou sal repitasyon l, fèmen bouch li epi fè l kwè li pa gen plas li nan espas piblik la ankò.
« Men depi kilè yon moun ki viktim vyolans vin pa gen dwa patisipe nan lavi sitwayèn nan ? », se kesyon òganizasyon an poze. Li estime okenn atak sou entimite yon fanm pa dwe tounen yon rezon pou mete l sou kote nan lavi sosyal, sitwayèn ak politik peyi a.
GAWA fè konnen lavi prive Roselande Belony pa defini entèlijans li, konpetans li ni valè li kòm fanm ak sitwayèn. Òganizasyon an rekonèt nenpòt moun ki vle okipe yon fonksyon piblik dwe aksepte kesyon sou lide li, kalifikasyon li, angajman li ak vizyon li. Sepandan, li pa dwe janm sèvi ak yon atak sou lavi prive yon moun kòm zouti pou entimide li.
Nan lèt la, GAWA voye yon mesaj solidarite bay tout fanm ki pè pou pase yo, imaj yo oswa entimite yo ta sèvi kòm zam kont yo. Li raple yo dwa yo genyen pou kontinye reve, antreprann, eksprime tèt yo epi patisipe nèt ale nan lavi sosyete a.
Pou fini, òganizasyon an swete Roselande Belony jwenn fòs, solidarite ak respè li merite. Li lanse yon apèl pou diyite fanm yo jwenn respè, kèlkeswa sa yo te viv nan lavi prive yo.
« Sa ki rive w la pa dwe tounen yon prizon kote lòt moun ap deside fèmen w », se mesaj GAWA voye bay Roselande Belony.


![{"remix_data":[],"remix_entry_point":"challenges","source_tags":["local"],"origin":"unknown","total_draw_time":0,"total_draw_actions":0,"layers_used":0,"brushes_used":0,"photos_added":0,"total_editor_actions":{},"tools_used":{"square_fit":1},"is_sticker":false,"edited_since_last_sticker_save":true,"containsFTESticker":false}](https://watch.telepam.tv/wp-content/uploads/2026/11/Picsart_26-11-09_21-53-28-750-1024x676.jpg)
![{"remix_data":[],"remix_entry_point":"challenges","source_tags":["local"],"origin":"unknown","total_draw_time":0,"total_draw_actions":0,"layers_used":0,"brushes_used":0,"photos_added":0,"total_editor_actions":{},"tools_used":{"square_fit":1},"is_sticker":false,"edited_since_last_sticker_save":true,"containsFTESticker":false}](https://watch.telepam.tv/wp-content/uploads/2026/11/Picsart_26-11-09_18-02-03-151-1024x676.jpg)