Ale nan kontni / Skip to content
HAÏTI / FLORIDA / DIASPORA
Publicité & contact YouTube
TELE PAMTELE PAMFlorida 18.10
Live TV
LE FIL

Alix Didier Fils-Aimé kanpe nan bò fòs Salvadoryen yo nan batay kont gang yo

{"remix_data":[],"remix_entry_point":"challenges","source_tags":["local"],"origin":"unknown","total_draw_time":0,"total_draw_actions":0,"layers_used":0,"brushes_used":0,"photos_added":0,"total_editor_actions":{},"tools_used":{"square_fit":1},"is_sticker":false,"edited_since_last_sticker_save":true,"containsFTESticker":false}

Premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, reyafime sipò li pou angajman fòs salvadoryèn yo nan operasyon kont gang ame yo an Ayiti. Nan yon deklarasyon li pibliye sou rezo sosyal li yo, madi 10 novanm nan, chèf gouvènman an salye kontribisyon Fòs Represyon Gang yo (GSF), Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), Fòs Lame d Ayiti (FAd’H) ak patnè entènasyonal yo nan batay kont ensekirite a.

Dapre Alix Didier Fils-Aimé, kontribisyon diferan fòs sa yo pèmèt ranfòse operasyon sou teren an, reprann kontwòl teritwa a epi retabli otorite Leta sou tout peyi a.

Chèf gouvènman an pwofite okazyon an pou voye yon mesaj rekonesans bay prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, pou soutyen ak angajman li nan konbit nasyonal kont gang yo.

« Ayiti, Salvador, GSF : menm konba, menm detèminasyon ! Kolaborasyon an ap kontinye », se sa Premye minis la ekri, anvan li lanse yon mesaj fèm kont gwoup ame yo : « GANG YO PAP GEN DOMI NAN JE ! »

Pozisyon sa a montre volonte gouvènman ayisyen an pou kontinye kolaborasyon sekiritè ak El Salvador, nan yon moman kote prezans ak operasyon fòs salvadoryèn yo an Ayiti ap soulve kesyon sou kowòdinasyon ant diferan aktè ki enplike nan batay kont gang yo.

TELE PAM · NEWSROOM Back to headline