Ale nan kontni / Skip to content
HAÏTI / FLORIDA / DIASPORA
Publicité & contact YouTube
TELE PAMTELE PAMFlorida 18.10
Live TV
LE FIL

Vant siyati premye rekèy pwezi John Guyve François

Powèt John Guyve François ap siyen premye rekèy powèm li 29 novanm k ap vini la a.

“Éditions Repérage” anonse vant siyati premye rekèy pwezi powèt John Guyve François pou 29 novanm k ap vini la a pati 10è nan maten. Otè a ap siyen premye tit li “Des pois qui crèvent” ki koute 750 goud nan okazyon KafouZa ki se fwa k ap klotire 5è edisyon festival “Art-Thérapie” nan Kafou.

Guyve se powèt, pwofesè epi animatè kiltirèl. Tou piti, lank sou papye te atire atansyon l. ” Depi nan adolesans mwen m te santi m kwè nan pouvwa mo ki ekri sou papye. Petèt paske m timid anpil. Mwen ak papye te devlope bon rapò. Fèy yo te toujou prè pou resevwa tout emosyon m”, powèt la deklame pawòl sa yo ak anpil emosyon nam vwa li.

PowètGuyve se yon gwo lektè. Pou li lekti se yon sous ki pa janm sèch e ki toujou disponib. Se yon zanmi ki toujou disponib. Nan moman difisil yo se yon terapi efikas. Li presize: ” pou mwen lekti se senbòl tolerans ak libète”.

“Éditions Repérage” ap tann tout tizè pwezi nan vant siyati premye rekèy powèt Guyve nan lokal “The Christian Academy” ki chita kò l nan Mawotyè 79.

TELE PAM · NEWSROOM Back to headline