Ale nan kontni / Skip to content
HAÏTI / FLORIDA / DIASPORA
Publicité & contact YouTube
TELE PAMTELE PAMFlorida 18.10
Live TV
LE FIL

UEFA LIG NASYON YO: TIRAJ LA DEFINI PLIZYÈ GWO AFICH

Redaktè : Jean Kenson Carries 

Tiraj osò faz eliminasyon dirèk UEFA Lig Nasyon yo pou sezon 2026-2027 la fèt vandredi 20 novanm nan, nan vil Nyon, nan peyi Laswis. Tiraj sa a deja bay plizyè gwo konfwontasyon ki pwomèt anpil spektak. Pami afich ki plis atire atansyon, nou jwenn Espay ki gen Lamine Yamal kont Lafrans ki genyen Kylian Mbappé. Yon lòt bò nou jwenn Nòvèj ak Erling Haaland kont Angletè ki gen balon dò a, Harry Kane. Genyen tou Peyi Ba yo kont Pòtigal, epi dènye afich la se Bèljik kont Almay. Se kat rankont sa yo ki pral detèmine ki seleksyon ki gen kapasite pou kontinye batay la pou rive nan dènye kare konpetisyon an.

 

Men rezilta tiraj osò kadefinal yo:

Espay kont Lafrans.

Nòvèj kont Angletè.

Peyi Ba yo kont Pòtigal.

Bèljik kont Almay.

Konfwontasyon sa yo ap dewoule sou de (2) match, ale ak retou, nan mwa mas 2027. Kat seleksyon ki soti venkè doub konfwontasyon yo ap jwenn tikè yo pou faz final oubyen dènye kare konpetisyon an.

TELE PAM · NEWSROOM Back to headline