Pòtoprens : viv ansanm fè dechoukay nan anpil bibliyotèk ak Inivèsite men yo sanble pa vòlè yon liv

Gen bagay ki difisil pou konprann nan fason vyolans ap devore Pòtoprens. Pandan plizyè bibliyotèk ak espas akademik ap sibi dechoukay, yon detay merite atansyon : nan mitan dezòd la, liv yo sanble pa t reprezante okenn enterè pou moun ki t ap fè zak sa yo.
Se pa sèlman lokal ki kraze, materyèl ki disparèt oswa biwo ki boule. Se espas ki te sèvi pou konsève konesans, transmèt istwa, devlope lespri kritik ak prepare jenerasyon k ap vini yo ki sibi atak.
Yon bibliyotèk pa yon senp depo liv. Se memwa yon sosyete, se yon espas kote lide rankontre, kote yon jèn ka dekouvri mond lan san li pa oblije kite peyi l. Yon inivèsite, bò kote pa l, se youn nan espas fondamantal kote yon sosyete fòme moun ki kapab reflechi sou pwòp avni li.
Lè espas sa yo tounen sib, se pa sèlman pwopriyete prive oswa piblik k ap disparèt. Se yon pati nan kapasite peyi a pou l reflechi, aprann epi rebati k ap pran kou.
Ironi sitiyasyon an chita nan kontradiksyon sa a : moun ka antre nan yon bibliyotèk, chavire mèb, kraze ekipman, gaye dokiman, mete dife, men yo sanble pa wè okenn valè nan liv yo. Petèt se la youn nan pi gwo malè sosyete a parèt : lè konesans pa menm reprezante yon bagay pou moun k ap detwi espas ki konsève li yo.
Men, fòk nou pa konfonn silans liv yo ak absans domaj. Yon liv ki rete sou etajè oubyen gaye atè pa vle di patrimwàn nan sove. Yon bibliyotèk ki pèdi kapasite pou resevwa lektè, etidyan ak chèchè deja sibi yon gwo pèt.
Kesyon an depase zak dechoukay yo : ki kalite avni yon peyi ka espere konstwi lè espas ki la pou fòme lespri sitwayen li yo pa jwenn pwoteksyon?
Yon peyi ka pran plizyè ane pou konstwi yon inivèsite, men kèk èdtan kapab sifi pou detwi kondisyon ki fè li fonksyone. Liv yo ka pa disparèt nan dechoukay la, men sa pa vle di konesans pa viktim. Paske lè tanp konesans yo ap tonbe, se avni yon jenerasyon antye ki anba menas.
Foto ilistrasyon : Saphira Orcel



