Jean Jean Roosevelt anonse kandidati l pou Senatè Grandans

Jean Jean Roosevelt anonse ofisyèlman kandidati li pou yon pòs senatè nan depatman Grandans, sou platfòm Solèy #78. Li fè sa nan yon lèt ouvè ki date 22 novanm 2026, ki adrese a tout kandida k ap nan kous pou pòs senatè depatman an.
Nan lèt la, anbasadè UNICEF la felisite lòt kandida yo pou angajman yo nan kous la. Daprè li, desizyon yo pran pou mete eksperyans, enèji ak vizyon yo nan sèvis kolektivite a montre kouraj ak volonte pou kontribye nan avni depatman an. Li anonse l ap depoze dosye li nan Biwo Elektoral Depatmantal (BED) Grandans lan semèn sa a.
Kandida a rekonèt vizyon kandida yo kapab diferan, e li site divèsite sa a kòm yon richès pou demokrasi a. Men, li di sa pa dwe fè yo vin ènmi oswa advèsè ki pa kapab jwenn antant. Li di tout kandida yo se pitit menm tè a, ak eritye menm istwa a.
Jean Jean fè konnen, kèlkeswa rezilta eleksyon an, l ap toujou dispoze travay ak nenpòt moun, nan yon lespri kolaborasyon pou defann diyite, dwa ak enterè popilasyon Grandans lan ak Ayiti. Li fini lèt la ak yon apèl pou fè diferans yo tounen yon fòs: « Ann fè sori, ann fè atribisyon, ann fè kòve pou Grandans. »



