Ale nan kontni / Skip to content
HAÏTI / FLORIDA / DIASPORA
Publicité & contact YouTube
TELE PAMTELE PAMFlorida 18.10
Live TV
LE FIL

Minis jistis ayisyen an, Patrick Pélissier, vizite prizon CECOT la nan peyi Salvadò

Minis Jistis ak Sekirite Piblik Ayiti a, Patrick Pélissier, vizite Sant Detansyon kont Teworis la (CECOT), nan peyi Salvadò, lendi 17 novanm 2026 la. Minis la te akonpaye ak omològ li, Gustavo Villatoro, minis Sekirite Piblik ak Jistis peyi Salvadò a. Vizit sa a fèt nan kad echanj eksperyans ant 2 peyi yo sou estrateji pou konbat gang ak krim òganize.

Sitiye nan zòn Tecoluca, nan depatman San Vicente, CECOT se yon gwo konplèks penitansye Prezidan Nayib Bukele te fè konstwi nan kad politik li genyen pou konbat gang ame yo. Otorite salvadoryen yo te prezante l ofisyèlman 31 janvye 2023, anvan yo te transfere premye gwoup anviwon 2 000 prizonye ladan l nan mwa fevriye menm ane a.

Avèk yon kapasite otorite yo anonse ki rive jiska 40 000 detni, prizon an gen uit gwo paviyon, yon sistèm siveyans ranfòse ak plizyè dispozitif sekirite. Se sitou moun otorite yo konsidere kòm manm gang ki pi danjere yo ki fèt pou rete nan sant detansyon sa a. CECOT vin tounen youn nan senbòl prensipal politik sekirite gouvènman Nayib Bukele a.

Sepandan, prizon an kontinye fè anpil deba sou kesyon respè dwa moun ak kondisyon detansyon. Òganizasyon dwa moun yo deja denonse move tretman, detansyon abitrè, mank aksè ak swen medikal ak lòt vyolasyon dwa fondamantal nan sistèm penitansye salvadoryen an.

Pou Patrick Pélissier, vizit sa a antre nan kad patisipasyon li nan dezyèm Konferans entènasyonal sou Leta ak Demokrasi a, ki dewoule 16 ak 17 novanm nan peyi Salvadò, sou manda Premye minis Alix Didier Fils-Aimé. Plis pase 50 peyi ap patisipe nan rankont sa a, ki chita sou kesyon gouvènans, sekirite ak devlopman.

Atravè deplasman sa a, gouvènman ayisyen an di li vle analize eksperyans lòt peyi ki kapab ede ranfòse kapasite Leta, retabli otorite piblik la epi mete sekirite nan peyi a sou pye yon fason dirab.

Pandan gang ame yo kontinye simen laterè nan plizyè depatman peyi a, vizit sa a relanse kesyon sou modèl sekirite otorite ayisyen yo ta dwe adopte pou reprann kontwòl teritwa nasyonal la. Men, èske eksperyans Salvadò a kapab aplike nan reyalite ayisyèn nan, kote kriz sekirite a makònen ak feblès enstitisyonèl ak pwoblèm fonksyònman sistèm jidisyè a?

TELE PAM · NEWSROOM Back to headline