Dosye kandidati Muscadin nan : FCN denonse blokaj administratif

Prezidansyèl: Jean Ernest Muscadin demisyone kòm Komisè Gouvènman anba pwotestasyon
Kandida pati politik Fòs Chanjman Nasyonal (FCN) pou prezidans lan, Mèt Jean Ernest Muscadin, remèt demisyon li kòm Komisè Gouvènman. Biwo kominikasyon pati a anonse sa nan yon nòt ki pibliye vandredi 6 novanm 2026.
Dapre FCN, desizyon sa a vini apre Biwo Elektoral Depatmantal (BED) Lwès 1 te egzije kandida a prezante yon lèt demisyon pou dosye kandidati li kapab kontinye trete.
Pati a fè konnen Muscadin te deja mande Ministè Jistis la mete l an disponiblite depi 26 oktòb, san li pa jwenn repons. Nan dat 29 oktòb, BED Lwès 1 te egzije lèt demisyon an.
Mèt Jean Ernest Muscadin demisyone anba pwotestasyon, pandan li rezève dwa li ak tout rekou legal li genyen.
FCN denonse sa li konsidere kòm obstak administratif san jistifikasyon. Pati a mande otorite yo garanti yon pwosesis elektoral transparan, san patipri ak ekitab.
Nan menm nòt la, FCN anonse yon lòt etap nan depo dokiman kandidati a ap fèt nan jou k ap vini yo. Dat ak lè a pral kominike ofisyèlman, dapre pati a.
